Relasyon ki egziste ant Paulo Freire ak Edikasyon Jenn ak Granmoun yo (EJG) kòm yon dwa moun yo genyen lavidiran

November 5, 2021

Por: Nayani Real

Eritaj patwon edikasyon an kite a toujou ap enfliyanse reyalizasyon EJG a kòm yon dwa moun genyen pou yo jwenn edikasyon an nan Amerik Ltin ak nan Karayib la

Nan okazyon san (100) lane anivèsè nesans Paulo Freire a yo te selebre nan dat 19 Sektanm 2021 an, CLADE te tou pwofite fè Kanpay #PauloFreire apviv.Yon edikasyon pou demokrasi pran yon lòt vitès pandan tout mwa Sektanm nan.Nan tètansan ak Kanpay Latinowameriken ak Karayibeyen pou Defans eritaj Paulo Freire a, yo te òganize yon Konsèy Edikasyon Popilè nan Amerik Latin ak nan Karayib la (an panyòl CEAAL), se yon inisyativ ki chita sou divès aksyon mobilizasyon, aksyon kominikasyon, aksyon sansibiizasyon, dyalòg ak braselide, ki demoutre kokennchenn enpòtans eritaj Paolo Freire a genyen nan kore demokrasi yo ak edikasyon ki dèyè libere moun nan e ki garanti dwa moun yo genyen nan rejyon nou an ak rès monn nan.

Pami ansanm aktivite ki fèt nan kad kanpay la, genyen woumble an liy yo (wèbbinè) ki te itil ak enteresan anpil. Nan tout tèm yo t ap debat sou yo a, yo te pwofite bòde relasyon ki egziste ant Paulo Freire ak Edikasyon Jenn ak Granmoun yo (EJG) kòm yon dwa moun yo genyen lavidiran.


Men woumble an liy (wèbbinè) pou nou kenbe yo:

‘’3 Sektanm, CLADE reyalize yon woumble an liy sou tèm’’Panse pratik Paulo Freire pou n ka fèfaskare devan malèpandye ki sou tèt demokrasi ki egziste sou kontinan an’’

30 Sektanm Platfòm Rezo Rejyonal pou EJG a reyalize yon woumble an liy sou tèm ‘’Edikasyon Jenn ak Granmoun nan nan Amerik Latin ak Karayib la : Sitiyasyon an, pèspektiv pa rappò ak panse Freryen an ‘


Eleman kle ki genyen nan relasyon ant Paulo Freire ak ak Edikasyon Jenn ak Granmoun nan

Ansanm woumble an liy sa yo te abòde relasyon ki egziste ant edikatè brezilyen an ak EJG a, yo demontre enpòtans pou nou kontinye valorize eritaj otè a ansanm ak panse li a pou nou ka ranfòse branch edikasyon an kòm yon dwa moun k ap ede nan garanti lòt dwa yo epi pou pèmèt moun viv tankou moun toutbon.


Kèk Eleman yo kapab konsidere kòm pi gwo kontribisyon Paulo Freire

• Ranfòsman EJG a kòm yon edikasyon popllè ak yon dwa moun k ap itil nan garanti tout lòt dwa ki pi enpòtan yo ;
• Pwopozisyon kèk lòt posiblite pou libere moun devan tandans konsèvatè ki genyen nan branch edikasyon an nan rejyon an (Yon fenomèn n ap viv nan sektè edikasyon an , tankou jan nou ka remake jan kèk peyi nan Amerik Latin ak Karayib la konsidere mouvman etidyan ak mouvman pwofesè yo kòm aktivite kriminèl ;
• Tout kontribisyon panse pedagojik politik la pote pou n rive fè bon jan analiz kritik sou tandans konsèvatè ak tandans gwoponyèt ki genyen nan edikasyon an ;
• Pwomosyon esperyans ak altènatif ki louvri posiblite reyèl pou gen devlopman panse kritik ak pratik demokratik la ;
• Inivèsalite a : kreyasyon ak esperimantasyon espas edikasyon piblik, espas edikasyon kominotè ak espas edikasyon sosyal yo ;
• Defans yon edikasyon k ap libere moun ak yon edikasyon demokratik ki dwe itil nan libere moun anba pouvwa boutdi yo ak nan konstriksyon kominote yo ak yon monn ki pi jis , ki pi sen , ki pi dirab e ki plis chita sou prensip egalite a ;

. Lè nou chita sou vizyon Paulo Freire a, inegalite,diskriminasyon ak zak gwo ponyèt pandemi an vin angrave yo, mande pou nou antre pi fon nan jefò n ap fè pou nou defann demokrasi a, nan bay mouvman sosyal yo plis jarèt nan batay y ap mennen nan defann dwa ak libète ansanm ak dwa moun pou yo jwenn edikasyon epi pou yo devlope kapasite yo genyen pou yo pote chanjman.


Lòt pwen nan eritaj Paolo Freire ki merite pou n kontinye reflechi sou yo

Kòm patisipan nan woumble an liy 3 Sektanm nan sou tèm ‘’Panse ak pratik Paulo Freire yo pou fè faskare devan malèpandye sou tèt demokrasi a :dapre sa k ap pase sou kontinan yo’’, espesyalis ak edikatè Pedro Pontual . CLADE ak CEAAL , kritike modèl edikasyon k ap layiyte kò l la a e li pale de altènatif ki soti nan sa Paulo Freire pwopoze pou n rive tabli yon modèl edikasyon k ap libere moun. Nan kad kanpay #PaoluloFreireapvivla, Pontual te esplike apwòch ki chita sou dyalòg Paulo Freire ap soutni an e ki rekonèt edikatè yo-fanm kou gason – gen yon nivo konesans yo devlope ki soti nan esperyans pa yo ak nan relasyon yo devlope nan lavi e se pou sa nou dwe konprannn travay pwofesè a se kreye sitiyason pou moun aprann, se pa tankou nou t ap fè yon transfè konesans nan yon bank, e sa se youn nan prensipal kontribisyon ki soti nan panse edikatè brezilyen an dirèk dirèk.Pa gen dout nan sa, eritaj sa a se yon kle enpòtann nan reyalizasyo EJG a kòm yon dwa moun pou lavidiran epi sou baz yon apwòch ki makònen ak ansanm dwa yo.

Pontual fè konnen, menm lè edeikatè yo gen devwa pou yo kreye sitiyasyon aprantisaj , men yo gen opòtinite pou yo ranmase konesans pou yo vin gen ypn lide ki pi laj sou monn nan ki chouke nan pwòp esperyans pa yo e dapre Paulo Freire toujou se sa k ap pèmèt yo pa sispann vin ak bon jan aksyon ak transfòmasyon ki konekte ak reyalite lavi yo.

Posiblite pou w ka jwenn dyalòg an liy sa a Edikasyon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin ak Karayib la . Epi al konsilte anpil lòt kontni toujou sou enpòtans eritaj Paulo Freire a genyen pou EJG sou paj nou an :WWW.redclade,org/epja !