Ayiti: kouman sitiyasyon sistèm edikasyon an ye nan peyi Karayib sa a

February 11, 2022

Se Marciel Morales Aceitòn , yon chèchè KTX LAC ki te kondui entèvyou sila a.

Nan konvèsasyon li te genyen avèk William Thélusmond an, mesye sa a te pale de egzistans yon gwo kantite lekòl ki anba men sektè prive a e nan sans sa a, nou vin pa ka twò pale koze edikasyon piblik inivèsèl ak obligatwa pou tout timoun nan. E selon M Thélusmond se youn nan pi gwo sous pwoblèm ki genyen pou sistèm edikasyon ayisyen an.

Nan kontèks sa a, li enpòtan pou nou sonje Ayiti se youn nan premye peyi nan rejyon an ki vini ak lwa sou ansèyman obligatwa a, men, sistèm edikasyon li a se youn nan sistèm ki pi anba kontwòl sektè prive a nan rejyon an. Genyyen 90% nan lekòl yo ki anba kontwòl legliz, Ong, oubyen yon bann ti antreprenè e kote se 80% nan popilasyon moun ki lekòl la k ap etidye nan lekòl sa yo. Pousantaj moun ki alfabetize yo pi ba pase 60% epi pousantaj timoun ki gen laj pou yo ale lekòl e ki an mezi fè sa yo se 50% (ONU-2018).

Lè li pale de travay REPT ap reyalize ann Ayiti nan kad Kanpay Latinowameriken pou Dwa Moun pou yo jwenn Ediksyon an (an panyòl :CLADE), yon òganis yo kreye nan lide pou li fè pwomosyon pou dwa moun pou yo jwenn edikasyon nan tout nivo nan tètkole ak Mouvman Mondyal la epi pou li defann edikasyon piblik la ak travay pou li tou. Dapre William Thélusmond gen yon sèl fason pou garanti dwa moun pou yo jwenn edikasyon an se edikasyon piblik la, espesyalman nan konvoke ak reyini moun ki gen dwa pou yo jwenn edikasyon yo, òganizasyon, patnè ak asosye ki angaje nan kore objektif sa a. Nan sans sa a, fòk gen yon bon jan angajman klè ki pran pou yo devlope lekòl piblik yo nan sèvi ak bon pwogram, bon pwofesè, bon kondisyon travay ak bon kondisyon lavi, bon materyèl ansanm ak bon enfrastrikti. Nan kad entèvyou sa a, direktè egzektif la te pale de divès gran pwen ki genyen nan estrateji REPT la : fè rechèch sou sa k ap pase anndan sistèm piblik la, simaye enfòmasyon ak fè sansibilizasyon sou sa k ap pase yo, tabli yon seri alyans avèk òganizasyon travayè edikasyon fanm ak edikasyon jenn yo epi genyen katriyèm gran pwen an ki konsène tout jefò rejyonal ak jefò entènbasyonal pou kore divès pwoeseis yo nan peyi d Ayiti.

Pou l mete yon bout nan entèvyou a, m William T. defann lide ki fè konnen ‘’Nan peyi d Ayiti, nou ka wè tout kouman inegalite ak diskriminasyon ap vale teren, nan sans sa a, edikasyon piblik la dwe sèvi nan fè pwomosyon pou prensip egalite ak prensip youn pa ka egziste san lòt la, pou n ka goumen kont diskriminasyon epi pou n sispann pwodui divès kalte kategori sitwayen’’

Lyen KTX konvèsayon avèk Ayiti

>> Dokimantè Diyite Dwa moun pou yo jwenn edikasyon ann Ayiti

Yon dokimantè CLADE pwodui nan patenarya avèk yon gwoup ayisyen edikasyon pou tout moun-fanm kou gason. Dokimantè sa a prezante yon seri temwayaj fanm ayisyen ak gason ayisyen sou edikasyon nan peyi yo. Elèv, anseyan, direktè ak direktris lekòl, paran, inivèsitè, militan, reprezantan gouvènman ak òganizasyon entènasyonal pale de divès defi edikasyon nasyonal la ap kwaze epi li vini ak plizyè pwopozisyon pou n rive nan konstriksyon yon sistèm edikasyon ki garanti ansanm dwa yo. Se yon dokimantè yo te lanse nan dat 24 Avril 2015 lan nan Inivèsite Leta Ayiti a nan Pòtoprens, nan moman Semèn Aksyon Mondyal pou Edikasyon an (SAME).


‘’Sitiyasyon Edikasyon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin ak nan Karayib la nan kontèks gwo epidemi mondyal sa a’’

December 13, 2021

Tèks la se yon rezime dokiman Kanpay Latinowameriken pou Dwa Moun pou yo jwenn Edikasyon an (an panyòl: CLADE) te anchaje prepare sou ‘’Sitiyasyon Edikasyon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin ak nan Karayib la nan kontèks gwo epidemi mondyal sa a’’ pou li ka bay patisipasyon pa l nan pwosesis preparasyon Konferans Enténasyonal sou Edikasyon Granmoun nan (an panyòl: CONFITEA VII) ki gen pou òganize nan peyi Mawòk nan lane 2022 a. Se yon kontribisyon CLADE deside bay apati reyalite ki egziste nan Amerik Latin ak nan Karayib la epi sou baz vizyon ki konsidere edikasyon kòm youn nan dwa moun ki pi enpòtan yo.

>> Antre la a pou nou ka gen posiblite jwenn tout dokiman an.


Descargar
Fotografía muestra mujer andina haciendo tarea escuelar.
Imagen: Andina, Difusión

Dokiman reyini tout dekouvèt ak rekòmandasyon sou sitiyasyon Edikasyon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin ak Karayib la

November 11, 2021

Nan tout kontribisyon CLADE vle pote yo , nou ka pale de reyalizasyon analiz /dokimantè « Sitiyasyon Edikasyon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin ak Krayib la » ; yon dokiman ki reyini tout dekouvèt ak rekòmandasyon sou sitiyasyon Edikasyon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin ak Karayib la, pandan nou tou prezante estrateji pou ranfòse EJG a kòm yon dwa moun nan rejyon nou an.

Prezantasyon ansanm rekòmandasyon yo:

Nan dokiman sa a nou chita sou nesesite pou nou pwodui yon nouvo literati sou EJG a. Sa vle di : fòk nou rive devlope lòt mannyè pou nou konprann modalite ki dwe ede nou laji ak redefini domèn aksyon li yo. Kon sa tou, nou chita anpil sou nesesite pou nou jenere konesans k ap itil nan konsepsyon ak enplemantasyon politik ak pratik pou garanti jwisans dwa moun pou yo jwenn edikasyon an kòmswadwa. Nan sans sa a, lide kle ansanm rekòmandasyon sa yo ap mache men nan men ak pwosesis CONFITEA VII, an pami yo genyen :

• Rekiperasyon divès akò yo
• Esans konvokasyon pou ‘’Kontribiye nan kilti dwa moun yo, jistis sosyal, valè nou pataje yo ak lide dirabilite a’’
• Eleman ki antre nan fòmasyon divès pwopozisyon sou jan nou wè demen an;
• Rekiperasyon tradisyon latinowameriken yo sou edikasyon fondamantal ki vin modèn nan gras a divès konesans ki soti nan savwa rejyonal yo rive konstwi apati edikasyon popilè a;
• Sistematizasyon esperyans gouvènmantal yo ki ap favorize dwa moun ki nan kondisyon ki pi difisil yo pou yo jwenn edikasyon;
• Konsiderasyon sitiyasyon kriz n ap viv la a pou n panse aprantisaj pou lavi diran an epi tout pandan n ap pase men pran divès objektif devlopman Nasyonzini yo.

Ann gade rekòmandasyon yo :

1) Karakteristik lòt literati sou EJG a
Aksyon ki plis mache ansanm yo pou nou defini domèn aksyon l yo. Nan sans sa a, nou jwenn rekiperasyon tradisyon latinowameriken an nan edikasyon fondamantal la ak EJG a ki pi laj e yo pa ta dwe konsidere kòm yo domèn apa oubyen kòm yon lòt senp opsyon e ki pase men pran apwòch imanis lan. Nou trete kesyon edikasyon an apati yon apwòch ki makònen plizyè kilti sou baz yon aprantisaj pou lavi diran an.

2) Bay EJG a yon lòt vizibilite nan nivo nasyonal kou nan nivo entènasyonal la.
Kreye plis viziblite nan espas entènasyonal yo ap mande pou nou konsidere diferan kontèks apati lòt nivo konpreyansyon epi nan wè moun ki ap benefisye EJEG a kòm sijè ki gen dwa. Sa se yon eleman ki gen tout enpòtans li si nou vle chita sou baz bon jan angajman koperasyon ak politik piblik. Pou sa ki konsène kad nasyonal yo, sa ap mande pou nou kore espas espesifik yo epi rekonèt karaktè transvèsal yo tou.

3) Fè pasemen nan relasyon ant EJG a ak sistèm edikasyon nasyonal yo
Konstriksyon diferan sousistèm edikasyon EJG a nan kad sistèm edikasyon nasyonal yo. Yon travay ki mande pou nou kontinye konsolide sa l genyen kòm idantite pandan n ap fè akyon l yo sèvi pou ransfòse tout sistèm nan nèt.. Sousistèm sa yo pral gen kòm misyon jere domèn pa yo apati yon apwòch ki konsidere plizyè sektè ansanm, yon jesyon ki konsène òganis yo, konsèy yo ki gen reprezantasyon e k ap kondui aksyon ki makònen plizyè sektè oubyen plizyè enstitisyon ,yon mannyè pou garanti dwa moun pou yo jwenn edikasyon an epi ranfòse kote piblik ak kote gratis modalite edikasyon sila a.

4) Demach pou nou rive nan yon seri polirik ki pi nèf e ki pi chita sou kontèks jounen jodi a
Konstwi politik Leta k ap devlope aksyon pou garanti dwa pou tout moun – fanm kou gason- jwenn edikasyon. Nan sans sa a, li ta bon pou Gouvènman yo pran kèk inisyativ finansye reyalis , inisyativ pou ranfòse enstitisyon yo, inisyativ ki konsène plizyè enstitisyon ansanm ak inisyayiv koperasyon yo.

5) Fè pasemen nan cehma enstitisyonèl la
Regle pwoblèm feblès ki genyen nan enstitisyon yo gras a yon seri aksyon valab, yon disponiblite resous epi sou baz yon apwòch ki chita sou plizyè sektè k ap travay nan defans dwa moun ak edikasyon pou lavi diran ak edikasyon pou lavi nan sosyete a ak nan anviwònman natirèl la. Se pou sa, fleksiblite nan orè, nan espas, nan modèl pedagojik ak lòt domèn ankò, pral mande yon fòm akreditasyon konesans moun ranmase nan espas edikatif EJG a. Finalman, sa ap mande pou nou byen chita sou kontèks misyon li ak kote kritik misyon sa a tou e ki konekte ak apwòch etik ak apwòch enstitisyonèl ki byen chita.

6) Rekonesans divèsite dwa yo ak sijè dwa EJG a
Garanti rekonesans tout moun – fanm kou gason – kòm sijè ki gen dwa e ki dwe antre nan yon pwosesis dyalòg e pa sèlman kòm ankadrè ak sipò pou edikasyon timoun yo, tifi kou gason, adolesan, jenn, jan sa parèt nan etid nou an aklè. Li neseè pou politik EJG a dèyè reyalize yon seri inisyativ tout moun ka wè pou koze divèsite a pa vin tounen yon lòt sous inegalite

7) Bay travay pwofesè pi plis valè ak diyite
Rekonesans edikatè yo – fanm kou gason – kòm sijè ki gen dwa ; kòm pi gwo èd nan sans mwayen transmisyon, sou plan efrastrikti epi kòm prensipal sous pou nou jwenn done. Rekonèt yo kòm prensipal sipò pedagojik nan fè yo jwenn fòmasyon gratis, fòmasyon sistematik ak fòmasyon k ap itil yo pou yo rive fè faskare devan egzijans ki genyen nan travay ansèyman aprantisaj yo a ki makònen ak egzijans ki soti nan kontèks kote y ap evolye yo menm. Sa dwe fèt menm jan an nan domèn sante a, nan domèn sosyoyemosyonèl la ki pou kore travay toulejou y ap reyalize yo.

8) Sitwayènte dijital la
Pwosesis edikasyon an k ap antre kò l ti pa ti pa nan teknoloji nimerik yo ak nan lòt mwayen kominikasyon yo tounen yon defi e li egzije pou gouvènman yo pran bon jan angajman pou yo pèmèt moun jwenn zouti sa yo disponib gratis pou yo epi pou yo sèvi avè yo san tètchaje, pou yo jwenn fòmasyon sou mannyè pou yo sèvi avè yo, nan tabli bon jan enfrastrikti nan nivo sosyete yo ak nan nivo kominote yo, yon mannyè pou pasaj sa a fèt toutbon vre.

9) Pwodui konesans
Powdui konesans nan EJG a ak sou EJG a nan sans ki pi laj la kòm yon mwayen konpreyansyon ak transfòmasyon kontèks ki la yo kòm yon modalite ki endispansab pou moun yo an mezi pran desizyon valab.

10) konstwi sistèm suivi yo
Konstwi yon sistèm suivi k ap pèmèt yo rann sosyete a kont epi an menm tan kore demach pran desizyon yo ak demach pou mennen bon jan rechèch sou EJG a. Sa mande pou genyen yon sistèm done ki aktyalize, ki aksesib, ki transparan, ki valid e tout moun ka kwè nan yo e ki makònen ak yon seri endikatè k ap fasilite suivi dwa moun pou yo jwenn edikasyon an.


‘’Sitiyasyon Edikasyon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin ak nan Karayib la nan kontèks gwo epidemi mondyal sa a’’

Tèks la se yon rezime dokiman Kanpay Latinowameriken pou Dwa Moun pou yo jwenn Edikasyon an (an panyòl: CLADE) te anchaje prepare sou ‘’Sitiyasyon Edikasyon Jenn ak Granmoun nan Amerik Latin ak nan Karayib la nan kontèks gwo epidemi mondyal sa a’’ pou li ka bay patisipasyon pa l nan pwosesis preparasyon Konferans Enténasyonal sou Edikasyon Granmoun nan (an panyòl: CONFITEA VII) ki gen pou òganize nan peyi Mawòk nan lane 2022 a. Se yon kontribisyon CLADE deside bay apati reyalite ki egziste nan Amerik Latin ak nan Karayib la epi sou baz vizyon ki konsidere edikasyon kòm youn nan dwa moun ki pi enpòtan yo.

>> Antre la a pou nou ka gen posiblite jwenn tout dokiman an.


Wèbbinè: