Ayiti: kouman sitiyasyon sistèm edikasyon an ye nan peyi Karayib sa a

February 11, 2022

Se Marciel Morales Aceitòn , yon chèchè KTX LAC ki te kondui entèvyou sila a.

Nan konvèsasyon li te genyen avèk William Thélusmond an, mesye sa a te pale de egzistans yon gwo kantite lekòl ki anba men sektè prive a e nan sans sa a, nou vin pa ka twò pale koze edikasyon piblik inivèsèl ak obligatwa pou tout timoun nan. E selon M Thélusmond se youn nan pi gwo sous pwoblèm ki genyen pou sistèm edikasyon ayisyen an.

Nan kontèks sa a, li enpòtan pou nou sonje Ayiti se youn nan premye peyi nan rejyon an ki vini ak lwa sou ansèyman obligatwa a, men, sistèm edikasyon li a se youn nan sistèm ki pi anba kontwòl sektè prive a nan rejyon an. Genyyen 90% nan lekòl yo ki anba kontwòl legliz, Ong, oubyen yon bann ti antreprenè e kote se 80% nan popilasyon moun ki lekòl la k ap etidye nan lekòl sa yo. Pousantaj moun ki alfabetize yo pi ba pase 60% epi pousantaj timoun ki gen laj pou yo ale lekòl e ki an mezi fè sa yo se 50% (ONU-2018).

Lè li pale de travay REPT ap reyalize ann Ayiti nan kad Kanpay Latinowameriken pou Dwa Moun pou yo jwenn Ediksyon an (an panyòl :CLADE), yon òganis yo kreye nan lide pou li fè pwomosyon pou dwa moun pou yo jwenn edikasyon nan tout nivo nan tètkole ak Mouvman Mondyal la epi pou li defann edikasyon piblik la ak travay pou li tou. Dapre William Thélusmond gen yon sèl fason pou garanti dwa moun pou yo jwenn edikasyon an se edikasyon piblik la, espesyalman nan konvoke ak reyini moun ki gen dwa pou yo jwenn edikasyon yo, òganizasyon, patnè ak asosye ki angaje nan kore objektif sa a. Nan sans sa a, fòk gen yon bon jan angajman klè ki pran pou yo devlope lekòl piblik yo nan sèvi ak bon pwogram, bon pwofesè, bon kondisyon travay ak bon kondisyon lavi, bon materyèl ansanm ak bon enfrastrikti. Nan kad entèvyou sa a, direktè egzektif la te pale de divès gran pwen ki genyen nan estrateji REPT la : fè rechèch sou sa k ap pase anndan sistèm piblik la, simaye enfòmasyon ak fè sansibilizasyon sou sa k ap pase yo, tabli yon seri alyans avèk òganizasyon travayè edikasyon fanm ak edikasyon jenn yo epi genyen katriyèm gran pwen an ki konsène tout jefò rejyonal ak jefò entènbasyonal pou kore divès pwoeseis yo nan peyi d Ayiti.

Pou l mete yon bout nan entèvyou a, m William T. defann lide ki fè konnen ‘’Nan peyi d Ayiti, nou ka wè tout kouman inegalite ak diskriminasyon ap vale teren, nan sans sa a, edikasyon piblik la dwe sèvi nan fè pwomosyon pou prensip egalite ak prensip youn pa ka egziste san lòt la, pou n ka goumen kont diskriminasyon epi pou n sispann pwodui divès kalte kategori sitwayen’’

Lyen KTX konvèsayon avèk Ayiti

>> Dokimantè Diyite Dwa moun pou yo jwenn edikasyon ann Ayiti

Yon dokimantè CLADE pwodui nan patenarya avèk yon gwoup ayisyen edikasyon pou tout moun-fanm kou gason. Dokimantè sa a prezante yon seri temwayaj fanm ayisyen ak gason ayisyen sou edikasyon nan peyi yo. Elèv, anseyan, direktè ak direktris lekòl, paran, inivèsitè, militan, reprezantan gouvènman ak òganizasyon entènasyonal pale de divès defi edikasyon nasyonal la ap kwaze epi li vini ak plizyè pwopozisyon pou n rive nan konstriksyon yon sistèm edikasyon ki garanti ansanm dwa yo. Se yon dokimantè yo te lanse nan dat 24 Avril 2015 lan nan Inivèsite Leta Ayiti a nan Pòtoprens, nan moman Semèn Aksyon Mondyal pou Edikasyon an (SAME).


Foto: FEDH-IPN

Jounen Entènasyonal kont Vyolans ak Tizonnay nan Lekòl : Nesesite pou nou kwape vyolans seksyèl ak vyolans ki gen rapò ak sèks epi pou nou Kore Koze Ekite a nan Lekòl nan Zòn Andeyò yo

November 5, 2021

Leta peyi manm INESKO yo te deside chwazi premye Jedi chak mwa Novanm kòm Jounen Entènasyonal kont Vyolans ak Tizonnay nan Lekòl, yon jounen nou te selebre yè, 4 Novanm 2021 an. Se yon jan n ap chèche pou n fè tout moun rekonèt kouman vyolans lan ap layite kò l nan tout espas kote edikasyon ap fèt, tout kalte fòm vyolans lan pran yo, e ki lakoz yo pa sispann pase dwa tifi kou tigason ak dwa adolesan yo anba pye, menm jan sa gen move konsekans sou sante ak bonè yo tou.

Asèlman oubyen tizonnay seksyèl la se yon fòm moun konpòte yo oubyen aji pou yo rabese lòt moun, kit se nan pawòl y ap itilize oubyen vye jès fizik, sa ki lakoz viktim nan resevwa yon domaj pou yon tan oubyen pou lavi diran. Se yon fòm ajisman ki makònen ak tizonnay youn oubyen plizyè moun pa sispann fè kont pwochen l yo, e sa ki fè moun nan toujou santi li gen gwo malèpandye sou tèt li, li santi li entimide, li wè yo dèyè jwe nan tèt li e sa ka rive menm nan zak vyolans fizik. Se yon lènmi sibtil k ap viv gras a solitid, tristès ak laperèz ki kay lòt yo.

Lè nou konsidere etid INISÉF fè e ki baze sou travay Obsèvatwa sou Diskriminasyon nan Radyo ak nan Telvizyon ann Ajantin, gen yon bon pousantaj tifi, tigason ak adolesan nan tout monn nan k ap sibi zak tizonnay seksyèl nan plizyè okazyon e nou menm ka di gen youn sou chak twa nan yo ki viktim mòd konpòtman sa yo. E an jenral, moun ki komèt kalte zak sa yo, se pwòp zanmi yo-fanm kou gason- e gen kèk fwa se pwofesè ak moun k ap travay lekòl yo ki konn ap komèt zak sa yo.

Vyolans ki gen rapò ak sèks la, youn nan lòt fòm vyolans ki egziste nan espas kote y ap bay edikasyon yo konsène tout kalte zak danjere k ap fèt kont yon moun oubyen yon gwoup moun akoz sèks viktim yo. Se yon mòd zak ki chouke nan rapò ki chaje fòskote ant fanm ak gason nan sosyete nou yo, nan zak gwo ponyèt otorite yo ak nan egzistans yon seri prensip danjere ak yon seri prensip ki chouke nan mòd sistèm ki mete gason sou tèt fanm nan.Se menm mo sa a yo itilize pou yo lonje dwèt sou tout zak ki fèt e ki gen rapò ak divès estrikti pouvwa a ki chita sou sèks moun e ki dèyè mete fanm, tifi ak tout lòt moun ki sible pou kesyon sèks oubyen pou chwa seksyèl yo ki depaman ak fason sosyete yo konsidere relsayon seksyèl ant fanm ak gason, e sa konsène tou sitiyasyon kote moun riske sibi divès kalte fòm vyolans ak diskriminasyon.

Dapre esplikasyon Maria Guadalupe Ponce, manm Komite Amerik Latin pou Defans Dwa Fanm yo (an Panyòl : CADEM) : vyolans kont fanm ak tfii yo se tout kalte zak vyolans ki gen rapò ak sèks moun ki pote oubyen ki ka lakoz yon domaj oswa yon soufrans ki kapab touche kò moun, sèks moun oubyen mantal viktim nan, menm jan ak tout lòt menas oubyen zak pou fòse moun oubyen pou wete libète moun, kit se zak ki fèt nan lavi piblik la, kit se zak ki fèt nan lavi prive moun. ‘’Zak vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi pase men pran tout kalite zak, tankou : zak vyolans fizik, zak vyolans seksyèl, zak vyolans sikolojik ki fèt nan kad lavi nan fanmi an, lavi nan kominote a, menm jan ak tout lòt vyolans Leta komèt oubyen sitire’’

Nan lide pou fè faskare ak sitiyasyon tètchaje sa a, nou te prevwa pran divès dispozisyon pou nou rive ba l do, se tou sa ki pouse n vini ak pwojè ‘’Estrateji pou nou fè prevansyon kont vyolans seksyèl ak vyolans ki gen rapò ak sèks la epi pou nou kore koze ekite a nan lekòl nan zòn andeyò yo’’, yon inisyativ n ap reyalize nan poeyòd 2021-2023 an, nan Nikaragwa, Ondiras ak ann Ayti gras a kòdinasyon Kanpay Latinoameriken pou Dwa Moun pou yo Jwenn Edikasyon an (an Panyòl : CLADE) nan tètansanm ak Alténativ (Kanada) ansanm ak tout peyi ki fè pati Fowòm Daka Ondiras la, Regwoupman Edikasyon pou Tout Moun Ayiti a ansanm ak Fowòm Edikasyon ak Dwa Moun Insiyativ Nikaragwa a.

Apati yon travay rechèch aksyon patisipatif, pwojè a dèyè devlope yon volim konesans ak kapasite lokal pou rive idantifye ak fè prevansyon kont divès fòm vyolans lan konn pran yo ansanm ak vyolans ki gen rapò ak sèks la epi pou nou rive remanyen ak adapte yon ansanm zouti ak enstriman ki la deja nan lide pou nou ka ede nan fè tèm sa a tounen yon reyalite nan pratik lokal yo ak nan kominote kote y ap fè edikasyon yo, menm jan pou li rive pase nan zouti politik nasyonal ak zouti politik rejyonal yo.Tout demach sa a pral chita sou yon estrateji kominikasyon ak yon estrateji ki marye edikasyon ak kominikasyon e ki ap ede nan fè travay simaye enfòmasyon nan nivo chak etap yo sou tout aprantisaj nou rive fè yo bay tout manm CLADE yo ansanm ak tout patnè nasyonal, patnè rejyonal kou patnè global li yo.


Nan premye faz la:se chèche gen plis detay sou premye rezilta nou jwenn nan kad pwosesis ankèt fèt nan nivo twa (3) peyi sa yo sou vyolans nan lekòl

1. Nan Nikaragwa, vyolans ki gen rapò ak sèks la parèt sou fòm vyolans fizik, entimidasyon, kontrent, bay presyon ak lapawòl e menm rive nan zak vòl. Mete sou sa, Zak tizonnay dirijan lekòl yo ap fè yo ka soti nan fè rabè, mete elèv deyò, bay move nòt, fè ti jwèt ak plezantri ki gen rapò ak sèks, e se gason k ap travay nan sektè edikasyon an ki konn gen abitid komèt kalte zak kon sa.

2. Nan Ondiras, yo remake gen pi plis tigason ak tifi ki vin ap sibi zak vyolans nan peyi a, espesyalman, apati presyon gang ak bandi ap fè sou yo, e kon sa tou, vin gen pi plis tifi ak tigason (an majorite, jenn ti mesye yo) ki lage nan pran dwòg legal (alkò, tabak) tankou dwòg ki pa legal yo (espesyalman, marigwana).

Yon lòt fenomèn k ap layite l kò l nan diivès rejyon yo, se apèl prepeye yo ki yon lòt fòm esplwatasyon seksyèl pou fè lajan sou tèt tifi ak tigason yo. Yon premye rechèch pèmèt nou idantifye suivi vyolans lan kay nèf (9) rezidan, espesyalamn nan minisipalite Ojojona, kote gen yon bann moun ki kite kapital la, Tegousigalpa, pou yo vin rete la.

Yon bò, genyen yon gwo disponiblite lakay anseyan, manman ak papa ptiti ansanm ak divès moun nan plizyè sektè pou yo kore lansman tematik ki dèyè kanpe an kwa kont fenomèn vyolans lan, men yon lòt bò, nou wè gen moun toujou ki poko fin twò alèz oubyen ki gen laperèz pou yo idantifye kèk ka vyolans tout moun nan lokalite yo konnen byen, paske pa yo vle bagay sa yo pran lari.

Mete sou sa, kòm lòt rezilta premye rechèch ki fèt yo, se divès kalte fòm nou wè vyolans lan ap pran yo, kit yo makònen oubyen yo pa makònen youn ak lòt, e sa pa ede nan jefò pou regle pwoblèm sa a e yo vin tounen yon sòt vwal ki fè nou vin gen plis difikilte pou nou pwoteje piblik la kont fenomèn sa yo.

3. Nan peyi d Ayiti, kontèks ki egiste jounen jodi a makònen ak anpil vyolans gang ak zam yo ap fè nan espas kote y ap bay edikasyon. Sa pa gen lontan depi yo te anvayi yon etablisman lekòl nan Pòtoprens, kapital la, pou yo touye ak bat yon yon papa pitit ansanm ak elèv yo. Nan yon sitiyasyon kon sa, li nesesè pou yo fè tout mwayen posib pou yo pwoteje sosyete a kont fenomèn vyolans sa a, menm jan ak espas ak etablisman kote edikasyon ap fèt yo, yon mannyè pou zak vyolans pa janm fèt nan lekòl ankò.

Espas kote edikasyon ap fèt pa zòn ki fèt pou aktivite delenkans ak aktivite lagè, se pou sa otorite yo ak tout soyete a gen reskonsablite pwoteje espas sa yo kont tout kalte fòm vyolans.