El proyecto - Clade

Egalite nan koze edikasyon : Regle pwoblèm vyolans ki chita sou sèks moun nan lekòl Zòn andeyò yo

Pwojè a

Pwojè sa a ki pote non ‘’ Estateji pou fè prevansyon kont vyolans seksyèl la epi pou kore ekite nan lekòl zòn andeyò yo’’ se yon pwojè k ap reyalize nan peryòd 2021- 2023 nan peyi Nikaragwa, Ondiras ak Ayiti e ki genyen kòm pi gwo objektif : ranfòse rapò san fòskote ant fanm ak gason nan sosyete a, fè prevansyon kont vyolans seksyèl la nan lekòl zòn andeyò yo epi pou regle pwoblèm sa a tou.

Pwojè sa a ki chita sou apwòch rechèch aksyon patisipatif la, ap chèche devlope konesans lokal ak kapasite lokal yo pou yo idantifye ak fè prevansyon kont divès kalte fòm vyolans yo e pi espesyalman vyolans ki chita sou sèks yo, nan lide pou yo kapab konsevwa ak adapte yon seri zouti, mete sou zouti ki la deja yo. Kon sa, sa pral ede nan fè tèm sa yo antre nan pratik lokal yo, nan zouti politik nasyonal ak zouti politik rejyonal yo. Tout pwosesis sa a ap makònen ak yon estrateji kominikasyon ak yon estrateji kominikasyon edikatif ki pral ede nan simaye enfòmasyon sou diferan faz pwojè sa a ap pran, yon mannyè pou nou ka pataje tout sa nou rive aprann ak CLADE anasanm ak patnè nasyonal, patnè rejyonal ak patnè entènasyonal li yo.

Se yon Inisyativ Kanpay Latinowameriken pou Dwa Moun pou yo Jwenn Edikasyon an ap kòdone nan tètansanm ak Altènativ (Kanada), ak peyi ki nan Fowòm Daka Ondiras, Regwoupman pou Edikasyon pou Tout Moun Ayiti ansanm ak Fowòm Edikasyon ak Devlopman Moun Inisyativ Nikaragwa a.

Travay sa a rive fèt gras a yon sipò ansanm ak yon sibvansyon ki bay nan lide
pou pèmèt yon pataj konesans ak inovasyon (KIX) Alyans Global pou Edikasyon
an (ann angle:GPE) ak Sant Entènasyonal Rechèch pou Devlopman an(ann
anlge :IDRC). Otawa, Kanada.

Brand Name
Brand Name
Brand Name
Brand Name
Brand Name
Brand Name