8 Mas se yon dat memorab pou feminis atravè mond lan, paske se Jounen Entènasyonal Fanm yo. Mouvman feminis ann Ayiti toujou nan batay, men gen anpil defi ak pèspektiv selon sa kèk feminis ayisyen fè konnen nan okazyon selebrasyon 8 mas la.
“NON” ak vyolans sou fanm ak tifi, se prensipal revandikasyon sektè sa a nan peyi a. Daprè feminis ayisyen yo, fanm yo viktim divès fòm vyolans, men fanm ki sòti nan sèten sektè sosyal soufri plis toujou nan pwoblèm sa a.
Daprè Konvansyon Nasyonzini sou Eliminasyon Vyolans sou Fanm, ki te adopte an 1993, vyolans sou fanm defini tankou: “nenpòt vyolans sou yon fanm ki lakòz oswa ki gen anpil chans lakòz domaj nan kò oswa fizik oswa sikolojik fanm nan.
Vyolans sou fanm ak tifi an Ayiti vini sou plizyè fòm: domestik, seksyèl, fizik, sikolojik, ekonomik ak vèbal. Vyolans sa yo fèt sou prèske tout fanm (fanm nan zòn riral yo, fanm ki sòti nan vil, fanm ki konn li, ekri ak andikape), men gen gwoup vilnerab ki pi viktim.
Daprè Ankèt Mòtalite, Mòbite ak Itilizasyon Sèvis (sigle francais: EMUS) nan lane 2018, gen 29% fanm ak tifi ki gen laj 15 ak 49 an sibi vyolans ann Ayiti. 45% nan fanm yo se mari yo oswa patnè yo ki fè vyolans sou yo, ankò dapre EMUS.
Selon feminis Kenidd Ascelin, fanm k ap viv nan katye popilè yo gen plis chans pou yo viktim kalite vyolans sa a, sitou ak vyolans general ki genyen nan katye sa yo. Li fè konnen vyolans fanm ak tifi yo sibi se akòz divès kalite etikèt sosyete a mete sou fanm yo, ki fè distenksyon ant travay fanm yo, aktivite fanm yo ak kapasite fanm yo an rapò ak gason yo.
Pou tèt fanm yo se fanm, sa deja konsidere kòm yon faktè risk ki fè yo pi vilnerab pou sibi vyolans, deklarasyon Daniel Mogloire, yon aktivis feminis ayisyen.
An Ayiti, vyolans vèbal yo konsidere kòm vyolans piblik. Yo sèvi ak li pou devalorize, imilye, imilye fanm yo. Yo itilize vyolans vèbal tou nan mizik, mereng kanaval, lè gason anmède yon fanm ou bien yon tifi pou sa ki gen awè ak rapò nan lari, mete afich ak kò fanm ak lòt.
Vyolans la gen yon gwo efè sou fanm ak tifi, selon yon rapò 2017 sou vyolans sou fanm ak tifi. Fanm yo pè antre nan zafè politik peyi a, yo abandone pozisyon yo epi yo pa vle pran inisyativ politik.
Pou kòdonatris “Fanm pou Libète”, Stephanie Michel, ann Ayiti, malgre sitiyasyon vyolans lan, e malgre gen pwojè-lwa preliminè ki te prezante nan palman an, jiskaprezan pa gen okenn lwa espesifik sou vyolans sou fanm ak tifi. Mouvman feminis la sèlman gen lwa sou agresyon seksyèl ke Palman an te apwouve nan lane 2005, ansanm ak lwa ki entèdi frape fanm ak tifi sou kò, palman ayisyen an te apwouve nan lane 2001.
An 1981, gouvènman ayisyen an te ratifye Konvansyon sou Eliminasyon Tout Fòm Diskriminasyon kont Fanm (sig Anglais : CEDAW) ak Konvansyon sou Eliminasyon Vyolans sou Fanm nan lane 1996, men kad legal sa yo rete andedan tiwa, daprè Stephanie.
Pi gwo defi pou mouvman fanm yo se elimine sistèm patriyakal la epi kraze chenn vyolans la. Men, pou sa fèt, mouvman fanm yo dwe kenbe flanbo mobilizasyon an nan solidarite youn ak lòt, deklare kòdonatris òganizasyon “Fanm pou Libète a”.
Pou manm òganizasyon feminis (Solidarité des femmes haïtiennes) (SOFA), Kenidd Ascelin, absans lwa espesifik sou vyolans sou fanm se youn nan rezon ki fè fanm yo viktim plis nan peyi a, piske pa gen okenn sanksyon espesifik pou diferan kalite vyolans yo.
Li kwè gen defi yo anpil, men pi difisil la se rive elimine lide siperyorite ak enferyorite popilasyon an panse ki egziste, respektivman, pou gason ak fanm. Men, pou sa fèt, mouvman feminis la dwe ranfòse tèt li epi konprann wòl li nan sosyete a.
Travay sa a fèt gras ak sipò ak sibvansyon Echanj Konesans ak Inovasyon (KIX) ansanm ak Patenarya Global pou Edikasyon (GPE) ak Sant Rechèch Devlopman Entènasyonal (IDRC), Ottawa, Kanada. Anba kòdinasyon Òganizasyon regional (CLADE) ek Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun (REPT) nan Peyi Dayiti.
Jwenn plis enfòmasyon sou pwojè sa a: https://redclade.org/ht/contra-violencia-de-genero/