Foto: UNICEF/UN0339412/Frank Dejongh

Kovid-19: Solidarite ak finansman Nòmal dwa moun pou yo jwenn edikasyon, sante, ak pwotekyson kòm mwayen ki pi enpòtan pou nou fè faskare devan kriz la

May 8, 2020

Devan kriz ak eta ijans yo tabli nan tout moun nan, akoz pandemi Kovid-19 la, CLADE rekonèt ak apresye tout konsiy Òganizasyon Mondyal pou Lasante a (OMS, an franse) pran pou yo fè prevansyon epi pou yo bay moun swen sante.

Nou  voye santiman solidarite nou bay tout fanmi ki pèdi pwòch yo akòz maladi a, tout moun ki chape anba maladi a ak tout moun sa touche. Kon sa tou, nou felisite tout inisyativ manm CLADE yo ap pote sou zepòl yo, menm jan ak tout lòt òganizasyon ak mouvman defans dwa moun nan tout Amerik Latin ak nan karayib la k ap voye je sou pwoteksyon divès kominote edikasyon yo ansanm ak tout dwa yo geyen kòm moun. Nou wete chapo ba devan tout ajan sante menm jan ak tout pwofesyonèl k ap travay nan branch aktivite esansyèl yo, pou travay endispansab y ap fè yo.

Nou apresye e nou gen anpil rekonesans pou kokennchen enpòtans lyen solidarite, lyen koperasyon ak travay swen nan tètansanm yo genyen nan peryòd sa a . Nan sans sa a, nou mande pou anpil efò mobilizasyon ak efò koperasyon k ap fèt nan mitan sosyete sivil la, ant gouvènman, ant enstrikti sipranasyonal yo vin pi djanm, nan favorize pataj konesans, esperyans ak leson yo aprann, yon mannyè pou yo kore batay k ap fèt kont pandemi an ansanm ak konsekans li yo. E pi espesyalman, nou mande pou yo mete tout kantite resous finansye nesesè disponib pou yo bay lavi moun priyorite, an patikilye nan sa ki konsène sante piblik, men tou, nan branch edikasyon ak pwoteksyon sosyal la, pami tout ansanm dwa sosyal ak dwa ekonomik moun nan popilasyon an genyen. Sa ap mande pou yo kore politik sosyal yo, èd finasye ak asistans medikal la, nan bay moun ki nan sitiyasyon vilnerabilite ekonomik, kriz sa a plis touche yo yon èd nòmal, kit se moun ki plis viktim akoz sèks yo oubyen sitiyasyon travay yo, pwofil yo, kit se akoz yon domaj, kit se akoz yo gen anpil laj oubyen y ap viv nan zòn ki pi rekile , kit y ap viv nan zòn konfli oubyen yo ta twouve yo nan kondisyon kote y ap sibi diskriminasyon ak prejije sosyal.

Jan OMS, espesyalis ak pwofesyonèl lasante yo montre l la, moman an egzije mezi distans ant moun ak moun nan relasyon toulejou yo ak mezi lijyèn yo kòm dispozisyon pou nou anpeche pandemi an layite kò l pi plis. Pou rezon sa a, nou sispansyon kou fasfas yo ak kanpe lekòl kòm mezi prevansyon ak mezi pwoteksyon pou tout moun nan popilasyon an, nan mete lavi devan anvan tout lòt bagay. Poutèt sa, nou mande tout gouvènman pou yo pran tout mezi nesesè pou yo kontinye garanti respè dwa moun pou yo jwenn edikasyon san rete. N ap souliye nesesite pou elèv lekòl, espesyalman sa ki soti nan fanmi ki pa gen gwo mwayen, jwenn kantin eskolè pou yo ka manje bon kalite manje chak jou.

Nan yon sitiyasyon sa a,n ap fè tout moun sonje gen anpil tigason, tifi ak adolesan ki soti nan fanmi ki pa gen gwo mwayen, oubyen k ap viv nan zòn andeyò, ki pa gen posiblite jwenn ekipman ki ka pèmèt resevwa yon ansèyman adistans, n ap pale de fasilite tankou: òdinatè ak entènèt.

Pouvwa piblik yo dwe pran tout dispozisyon nesesè, yon bò, pou yo anpeche plis inegalite edikatif ak inegalite sosyal epi an menm tan yo dwe adopte lòt mezi pou yo konble tout mank ki genyen yo,tankou nan reyalize yon seri askyon pozitif ak yon ansanm pwogram pou moun rantre lajan ann ijans, sitou pou moun andikape, moun ki vin ap rantre pi piti lajan, moun ki nan sitiyasyon sosyal difisil ak moun ki nan chomaj, epi yo dwe kanpe sou frè lajan yo te konn pran nan men yo pou yo jwenn sèvis debaz, tankou : dlo, elektrisite, gaz, telefòn ak entènèt.

Moman kriz tankou nan sa n ye la a, vin plis egzije pou nou kore Leta nou yo kòm pi bon garanti pwoteksyon dwa moun epi pou yo kreye yon ansanm mezi ak politik piblik sou baz kontribisyon tout sektè, pandan nou rekonèt dwa moun yo ap pi fasil jwenn pwoteksyon lè gen aksyon nan tètansanm k ap fèt nan sans sa a.

Pou rezon sa a, n ap mande Leta peyi nan rejyon an pou yo aji ak tout volonte politik ak santiman ijans moman an egzije a nan fè pwomosyon pou politik ak aksyon ki mache men nan men ak konsiy OMS, kominote syantifik ak òganis pou defans dwa moun yo ap bay. Fwa sa a se pou solidarite ak espwa pran yon lòt nivo, se pou gen yon koperasyon ak yon aksyon nan tèt ansanm, kon sa tou, se pou n gen lòt fòm viv ansanm, k ap toujou rete tennfas menm apre pandemi an.