Sa panse Paolo Freire a porte kòm kontribisyon pou kore demokrasi yo

December 21, 2021
Carlos Crespo Burgos

Carlos Crespo Burgos

Entwodiksyon

Kanpay Latimowameriken pou Dwa Moun pou yo Jwenn Edikasyon an (an paayò :CLADE) rekonèt ak pote panse pedagojik Paolo Freire a kòm youn nan prensipal baz li nan batay l ap mennen pou dwa moun pou yo jwenn edikasyon nan Amerik Latin ak nan Karayib la. Pandan tout ane 2021 an, kote n ap selebre san (100) lane dat nesans Paolo Freire, CLADE fè pwomosyon ak patisipe nan plizyè aktivite ki pou ede nou sonje gwo eritaj edikatè brezilyen an kite pou nou an. E nan mwa Sektanm nan pi espesyalman, nou te deside vini ak pwojè’’Eritaj Paolo Freire a ak konstriksyon l pou demokrasi nan Amerik Latin ak nan Karayib la : esperyans, refleksyon ak altènativ yo’’ 

Nan kad enplemantasyon pwojè a, gneyen atik sila a ki pou pèmèt nou fèmen pwojè e k ap chèche demontre bon jan koneksyon ki egziste ant panse Freire a avèk pwomosyon demokrasi yo, ki kanpe tennfas kont tnadans gwoponyèt k ap vale teren nan kontinan nou an, pi espesyalman nan domèn edikasyon an, ki dèyè mete baboukèt sou libète akademik lan epi mete limit sou objektif edikasyon an menm. Fenomèn vyolasyon dwa moun nan rive jouk nan konsidere mouvman etidyan ak pwofesè yo kòm aktivite kriminèl, lè nou konsidere dènye zak represyon ki fèt nan peyi Chili, nan Kolonbi, menm nan mannyè y ap sèvi ak mwayen ofisyèl nan peyi Brezil pou yo ranfòse ideyoloji ki opilan e ki gen pou wè ak rapò ant fanm ak gason nan sosyete a ansanm ak mouvman ‘’Lekòl san Patri a’’ ak  mouvman ‘’ Pa betize ak timoun mwen yo’

Bann vye zak sa yo ki vin angrave akoz tout baryè pandemi sa a mete yo, se siy ki mande pou nou chita prese prese pou nou antre nan reflechi pi fon sou jefò pou nou defann demokrasi yo, pou n ranfòse mouvman sosyal k ap defann dwa ak libète, dwa moun pou yo jwenn edikasyon ak asistans pou kore tout mouvman chanjman yo.

Se pa ni youn ni de posiblite ki genyen pou nou kapab fè limyè sou eritaj Paolo Freire a pa rapò ak kriz totalkapital n ap viv jounen jodi a akoz sa li pote kòm lomyè ak presizyon yo ki vin byen tonbe e yo merite tout konsiderasyon prese prese. E Petèt, nou kapab di youn nan pi gran leson pou lavi eritaj sa a ka ban nou pou moman kounye a se : ‘’Lit pa kanpe, l ap pran lòt fòm’’ (Freire, 2003). Yon verite nou klewonnen plizyè plizyè fwa nan dyalòg, tèks ekri, temwayaj, esperyans, mobilizasyon, zèv atis, ak divès rankont nan monn nan okazyon selebrasyon san (100) lane li yo.

Eritaj la

Paolo Freire (Recife-1921- Sao Paolo 1997) se yon moun tout monn nan rekonèt kòm Pedagòg  XXyèm syèk la (Araujo 2011) e ki pote yon kokennchenn kontribisyon nan defini ajanda yon lòt modèl edikasyon pou Amerik Latin nan pou XXIyèm  syèk la (Torres, 2001), Depi byen bonè nan lavi li, li te leve nan yon sitiyasyon povrete ki di nan zòn Nòdès peyi Brezil, yon sitiyasyon li te fè tounen kòm yon sewòm ki pou manbre refleksyon l yo epi ki te sèvi l kòm nouriti pou l te gen kouray kenbe yon dyalòg san rete avèk anpil kouran panse ki t ap mennen nan epòk pa l la. Freire ranmase, rekreye ak ale pi lwen pase panse Maksis la, panse Ezistansyalis la ak Fenomenoloji a (Araujo, 2011, 822).Li trase fòm yon konsepsyon filozofik ak yon konsepsyon metodolojik ki pase men pran divès dimansyon, tankou: dimansyon etik, dimansyon politik, dimansyon pedagojik ak dimansyon estetik la.

Freire plis chita sou lide kote tout pwosesis edikasyon se yon pwossesis politik e dyalòg la reprezante potomitan pwosesis sa a epi tout valè aksyon edikastif yo dwe mete edikatè a ansanm ak moun y ap edike yo nan menm nivo

Modèl edikasyon li pwopoze a parèt aklè nan yon pedagoji politik ki mete tètdwat sou yon transfòmasyon sosyal ki ale an favè liberasyon sila yo k ap pase mati (oprime) yo. Pi gwo zèv li a ki rele ‘’Pedagoji Oprime yo, yon liv li ekri nan peyi Chili ant 1967-1968, e li dedikase kon sa: ‘’Pou tout san espwa ki sou latè ak pou tout sila yo ki rekonèt tèt yo nan moun sa yo, se avè yo n ap soufri epi se avè yo n ap lite’’ (Freire, 1973).Sou baz pwopozisyon pedagojik radikal ki soti nan panse l yo apati reyalite ki egziste nan Tyèmonn nan, nan zèv sa a, Freire plis chita sou lide kote tout pwosesis edikasyon se yon pwossesis politik e dyalòg la reprezante potomitan pwosesis sa a epi tout valè aksyon edikastif yo dwe mete edikatè a ansanm ak moun y ap edike yo nan menm nivo (Vale, 2005).  

Apre kenz (15) lane Freire pase nan ranmase esperyans nan branch Edikasyon Granmoun nan, apati Mouvmen Kilti Popilè Recife a, li pwopoze ‘’Sèk Lekti yo’’ ki vin tounen yon seri espas piblik, ki egziste depi yon demi syèk e se la li plis simaye prensipal tèz ki genyen nan pi gran zèv li a, Pedagoji Oprime yo, (Freire, 1973-98).kòm  menm gran lide nou pral rezime la a jounen jodi a chaje ak anpil siyifikasyon e yo reprezante yon sous enspirasyon pou demen tou:

  • ‘’Transfòme klas la ki te espas diskou majistral la pou li vin yon espas dyalòg’’
  • ‘’Kòm gran oratè, fè pwofesè yo tounen kòdonatè deba ak animatè kiltirèl’’
  • ‘’Nan plas yon bann elèv ki abitye rete bouch be ak bra kwaze se pou n genyen patisipan k ap travay an gwoup’’
  • ‘’Olye pou genyen yon bann kontni anlè anlè ki pa kadre ak reyalite a, se pou n gen tèm k ap ankouraje braselide kritik ak braselide kreyatif sou reyalite a’.
  • ‘’Olye pou nou antrene moun yo pou yo ka adapte yo sèlman, se pou n fòme ajan sosyal pou chanjman pito’’ 

Apati yon apwòch ki makònen ak reyalite lavi menm, plizyè moun ki te pwòch lavi l ak travay edikasyon li a, kanpe pou yo esplike kouman lavi li ak panse li a konekte ak sa k ap pase nan reyalite jounen jodi a e kouman yo rete konekte ak sa k ap fèt nan tan prezan an e li rete kole ak pratik ki la yo ansanm ak yon angajman pou lavi.

Paolo Freire se yon moun ki te gen kòm objektif simaye angajman an favè lavi, li p ap panse lide men, l ap panse reyalite lavi. Kòm edikatè li fè tout egzistans li pran fòm yon panse ki rete kòtakòt ak yon pedagoji ki chita sou yon efò totalkapital ki anbrase yon pratik ki wè moun  anvan, nan konsidere l nan tout dimansyon enteryè li, yon apwòch li rezime kòm ‘’yon pratik libète’’ (Flori, 1973, p 3).

 ‘’(…) Li vrèman difisil pou yon moun pale de ansanm lide ki dèyè konsepsyon Metòd Paolo Freire a, akoz lide sa yo tèlman senp ( e gen anpil  moun se sa ki konplike tou sèl y ap chèche). An reyalite, Paolo Freire pa t dèyè vin ak yon teyori pedagojik ki koule nan beton. Li gen yon lanmou ak yon pratik. Se pou sa, li yon jan difisil pou vini ak yon teyori sou sa, san w pa viv pratik sa a ki gen tout siyifikasyon l apati bon santiman sa a. Se sa k fè sa bay pwoblèm pou yo konprann sa l di ak sa l ekri yo, lè se apati pratik ou viv la pou w rive abòde l kòm yon fòm angajman san rete, sa ki depase teyori a oubyen yon senp kwayans lan’’.(Brandao 19986, p 102).

Kote inivèsèl zèv Paolo Freire a soti nan melanj teyori-pratik la.Pou li menm, se yon panse ki chaje puisans (‘’’)panse reyalite a ak mannyè pou aji sou li, fè yon travay ki chouke nan teyori sila a. Sou plan metodolojik, se yon panse ki kole ak reyalite jounen jodi a’’ 

Gras a yon pwopozisyon ki toujou ap renouvle tèt li pou li ka kòlte ak reyalite yo, yo rekonèt Paolo Freire ale pi lwen pase ‘’pedagoji kritik la’’, lè n konsidere se yon metodoloji li reprann e li rekreye nan kad yon dyalòg apati yon lekti sou sa divès kontèks sosyal yo genyen kòm makfabrik, espesyalman kontèks kote aktivite edikasyon ap fèt (Mejia, 2012). Anpil biyograf ak pansè k ap reflechi sou zèv pedagòg la, dakò rann temwayaj sou jan pedagoji li a se yon travay orijinal,’’li se yon moun yo pa ka mete nan pyès kategori’’ (Gadot5i, 1996; 78) oubyen ‘’yo pa ka mete konsèp pa l yo nan pyès eslogan’’(Puigròs, 2011). Sa ki pase -pansè ak politisyen ajanten an pote limyè sa a- panse devlopmantis menm jan ak lide pwogresis goch latinowameriken an, vin  reyentèprete ak diminye valè ak dimansyon panse Freire yo, tankou, premye kouran an ki konsidere l kòm yon lòt metòd anplis epi yo wete tou sa l genyen kòm kalite poltik pou l pote bon jan transfòmasyon.

Kontribisyon Paolo Freire a fè vin genyen yon nouvo konsepsyon ak konpreyansyon  sou koze edikasyon an, nan konsevwa l yon lòt jan gras a yon seri lide ki rete konekte ak kesyon pedagokik yo ki pa danse kole ak edikasyon ki sou lobedyans bank yo e ki louvri byen gran sou dyalòg, ki rekonèt sa lòt la genyen kòm konesans ak bon jan relasyon sa dwe genyen ak mouvman pou chanjman ki bay sou demen an (Puigròs, 2011).Pou direktè Enstiti Paolo Freire a,nan peryòd dis lane 1980-1990 yo, sa Paolo Freire pote kòm kontribisyon an chita sou: wòl ideyològ la kòm yon moun ki gen pouvwa fann lanmè, sa vle ki byen sène diferans ant pratik politik  tradisyonèl la ak pratik pedagojik tradisyonèl la. Apati pwen sa a epi sou baz konsiderasyon li te genyen ak lòt teyori kritik yo, sa te ba l posiblite ede nan konsepsyon yon kantite teyori ak pratik toupatou nan monn nan e ki vin gen konsekans sou anpil branch konsans (Gadotti,1996:76).Panse l la vin gen yon dimansyon entènasyonal e li vin makònen plizyè disiplin ansanm epi kòm yon edikatè li te travay pou gen bon jan pwogrè ki fèt gras a vizyon imanis-entènasyonalis li a.

Makfabrik politik ak makfabrik ideyalis edikasyon an

Se jan yo ka konprann edikasyon an ki genyen yon kote politik ak yon kote pedagojik ki fonn youn nan lòt la ki te reprezante baz panse Freire a ki pase men pran e ki touche yon kantite dimansyon ansanm nan diferan etap li yo. Se apati apwòch sa a tou li te konprann edikasyon an kòm yon zak politik, yon zak konesans ak yon zak pou kreye.

’ki ap chèche gen yon konpreyansyon k ap vin pi kritik sou kote politik ak kote ideyolojik alfabetizasyon granmoun genyen yo pi espesyalman, menm jan ak edikasyon an jeneral’

Nan diferan lèt li ekri pou Ginebisawo (1979) ki gen pou wè ak listwa esperyans ankadreman pwosesis reyòganizasyon edikasyon an nan kad lit peyi sa a t ap mennen pou soti anba grif sistèm kolonyal la, Freire te rekonèt efò li t ap fè yo te konekte ak yon vizyon ‘’ki ap chèche gen yon konpreyansyon k ap vin pi kritik sou kote politik ak kote ideyolojik alfabetizasyon granmoun genyen yo pi espesyalman, menm jan ak edikasyon an jeneral’’ (p-76). Kon sa, li te lonje dwèt sou nesesite pou leve vwal ki genyen sou tout kalte relasyon ki egziste ant alafabetizasyon an ak pòsalfabetizasyon granmoun yo epi pou eseye konprann nati relasyon sa yo tou (…),nan kesyon pwodiksyon, objektif ki genyen nan pwojè global sosyete a, anasanm ak relasyon ki genyen ant alfabetizasyon ak sistèm edikasyon peyi a.

Koze analfabetis la (popilasyon moun ki pa konn li ak ekri a) reprezante yon kesyon politik e li pa yon senp pwoblèm lengwistik, yon pwoblèm pedagojik oubyen yon pwoblèm metodolojik sèlman (Freire, 1990). Metòd ansanm ak pratik yo la nan sèvis (oubyen mache men nan men ) ak yon teyori konesans espesifik y ap apllike, e teyori sa li menm gen pou l chèche konfòme l ak chwa yon opinyon politik byen espesyal (FREIRE, 1979:P 18). Feire, li menm, pote limyè sou lèt li yo (…) jamè, jamè,nou pa janm konsidere alfabetizasyon an pou yon senp pwosesis, yon pwosesis mekanik kote moun ap annik aprann li ak ekri, non , li se yon aksyon politik e li fèt pou l konekte ak kesyon , tankou: pwodiksyon, sante, sistèm kontwòl edikasyon an, ansanm ak pwojè global sosyete a y ap bat pou yo reyalize a ( Freire 1979, p21). 

Lè nou fè yon koudèy sou esperyans jesyon li nan Leta a , nan tèt Sekreterya Minisipal Edikasyon Sawopawlo a, ant 1989-1991, li te toujou kenbe kòm prensip chwal batay li: yon bon jan kalite lekòl piblik pou tout moun (‘’lekòl piblik popilè’’) se sa ki te sous enspirasyon ‘’tout bèl lide l yo pou l te wè kreyasyon yon sosyete ki gen mwens diskriminasyon ak mwen rasis, ki bay fanm plis valè, yon sosyete ki pi louvri e k ap sèvi enterè mas popilè yo, sila yo ki pa janm jwenn pyès pwoteksyon ak sila yo pa janm bay valè yo’’ (Gadotti, 1996:103).

Apati konpreyansyon sa a, pratik edikasyon ak teyori edikasyon yo pa ka net, yo toujou gen yon koneksyon kèlkonk ak pwojè sosyete ak pwojè edikasyon y ap soutni yo, pwojè ki gen enterè pa yo ak finalite pa yo, yon koze se reyaksyon ant teyori ak pratik yon edikasyon ki dèyè debouche sou << liberasyon >> ak yon lòt koze ki depaman, se yon edikasyon ki ap chèche fè moun tounen <<restavèk>> ( Freire, 1990:38).Se entansyon ki kache dèyè edikasyon an ki ka pèmèt li ale pi lwen pase sa l reprezante kòm yon senp sistèm nan epi pou l gen kapasite rapousuiv yon rèv espesyal, yon bèl objekkitf, e se tou sa ki fè li p ap janm ka net vre’’(Freire, 1993, p 37).

Vizyon kote w jwenn yon edikasyon ki gen kòm objektif <<liberasyon>> an se yon vizyon ki chita sou yon bèl lide kote w genyen yon modèl sosyete ideyal ansanm ak yon modèl edikasyon ideyal tou, e se sa menm ki pèmèt ou devlope yon lekti kritik pa rapò ak monn nan. Dapre Puigròs (2021), konsèp ‘’imajinè’’a ak konsèp ’’ sa moun poko janm viv ’’la gen yon gwo siyifikasyon politik, li pote yon kokennchenn defi pou edikatè yo bat pou yo leve, se pou sa konsèp sa yo louvri yon bann chemen moun ka pran, anpil fòm pou yo bòde koze edikasyon an, ki parèt yon jan nouvo, men ki kapab tounen reyalite toutnon, men sa se imajine pou n imajine yo. Freire menm rive deklare: li posib pou n al pi lwen pase sa n panse ki  ideyal la.

Pedagoji ki mache ak dyalòg ansanm ak pedagoji ki mache ak patisipasyon an pou yon demokrasi  totalkapital

Apati yon konpreyansyon  nou genyen sou relasyon pedagojik la, Freire mande pou nou mete  dyalòg kritik la nan plas mannyè otoritè transmisyon kontni yo, yon dyalòg kote pwofesè ak aprenan an ap aprann nan kad yon relasyon orizontal, nan pase men pran sa tout moun genyen kòm konesans, nan fè jefò pou nou youn aprann nan men lòt nan yon pwosesis fòmasyon solidè ak yon pwosesis fòmasyon san rete pou nou rive chanje figi monn nan

Se sèl pwofesè –fanm kou gason- otoritè ki ka neglije relasyon solidarite ki egziste ant aksyon aprann nan ansanm ak aksyon ki fè w swa edikatè oubyen aprenan an. Se sèl yo menm ki tabli diferans ant aksyon anseye a ak aksyon aprann nan, yon mannyè kote gen moun ki kenbe konesans lan anba men yo epi genyen lòt yo ki pa ta konn anyen ditou’

Patisipasyon sijè aprantisaj la nan konstriksyon konesans lan pa yon senp demah demokratik sèlman , men yo demontre li se demach ki pi efikas la (Gadotti,1996). Sou baz konpreyansyon sa a, ni edikatè, ni pwofesè vin mete tèt yo nan pozisyon chèchè kritik la e pou li menm, yo dwe an mezi sèvi ak zouti rechèch/aksyon an, ak zouti rechèch patisipatif la ak travay sistematize esperyans li yo pou nou ka ankouraje pwodiksyon konesans lan apati diferan aksyon sosyal ak aksyon politik popilasyon ki oprime yo ap mennen. Pandan tout chemen edikasyon popilè a fè nan Amerik Latin nan, yo toujou fè pwomosyon pou pratik sa yo, apati kontribisyon Paolo Freire ak Fals Borda pote nan sans sa a, depi nan lane 60 yo, sa ki vin bay posiblite genyen yon sentèz ak yon enfliyans youn gen sou lòt, pou n rive amelyore nivo efikasite aksyon yo ansanm ak degre konpreyansyon nou genyen sou reyalite a (Fals Borda, 1978). Se rive rekipere konesans nou pwodui nan tètansanm yo apati reyalite lavi toulejou a ansanm ak diferan konesans lokal yo pwodui gras a divès kilti yo. Pwopozisyon metodolojik sa a antre dirèk dirèk nan jefò konstriksyon  chapant  sistèm pouvwa sosyete yo  ki mache ak fòm ansanm ak  demach pou nou konstwi yon sans reskonsabilizsyon atravè aksyon edikasyon yo epi pou nou rive fè demokrasi piblik la vin gen yon lòt sans (Mejia 2022, 92).

Panse lide konstriksyon konesans lan yon lòt jan se panse lide pouvwa a yon lòt jan tou,  e sa dwe fèt tou pou lide demokrasi menm jan ak lide sitwayènte a (Torres, 2001), avèk kòm prensipal objektif konstriksyon yon pwojè sosyete ki jis e ki solidè. 

Aksyon edikasyon pou demokrasi a

Nou vin konprann sitwayènte a kòm yon fòm pou kapte reyalite a epi pou w rive aji sou li, se yon fòm patisipayon konsyan ki fèt an favè liberasyon an, men yon liberasyon solidè, nan chita sou prensip kle ’’Se sèl nan linyon lezòm ka libre tèt yo’’ (Freire, 1977). Tout moun gen konsyans e kòm moun yo tout dwe konsyan de sa yo genyen kòm dwa ak devwa.

Freire travay pou edikasyon an vin gen yon sans ki pi laj, lè li demontre kouman lekòl pa yon epas pou moun etidye sèlman, men, li se yon espas pou moun rankonttre, brase lide, aprann fonksyone ak lòt moun, fè deba ak poltiik (Gadotti, 2009), pou n pi kout, li se kote y ap fòme sitwayen ki pou viv nan sosyete demokratik yo

Nan lide pou leve defi sa a ki devan tout soyete a, Paolo Freire vini ak lide kote se pa sèlman nan lekòl moun aprann e l ale li pi lwen pou li di aprantisaj sa ka fèt nan plizyè espas e li ka pran anpil fòm e se la edikasyon pou chanjman an ka fèt menm. Depi nan premye tèks li yo, li te gen tan konprann sal klas pa bòne ak kat (4) miray yo sèlman e se sa menm ki fè nou vin ap pale de sosyete konesans lan (Gadotti, 2008), dayè espas lekòl la rive touche modalite vityèl yo, gras a egzistans teknoloji a. Pil nouvo espas aprantisaj yo ( entènèt, televizyon, rezo sosyal, òganizasyon sosyal, legliz, antrepriz ak espas kote fanmi yo ap viv) vin laji sans lekòl la ansanm sans sal klas la. Men nan peryòd gwo epidemi mondyal sa a, jan Purgriòs deklare l la, n oblije lonje dwèt sou fenomèn kapitalis paltfòm yo  e sa vin plis mete aksan sou fòm edikasyon ki anba lobedyans labank lan ki dèyè mete yon seri kontni tou fèt nan bwat ansank ak kèk dispozitif estanda nan plas echanj/entèraksyon an. Mete sou sa, epidemi mondyal la vin fòse n reponn kesyon, tankou: ki lès ki pwopriyetè oubyen k ap kontwole domèn pwodiksyon, distribisyon, lavant ak itilizasyon zouti  teknoloji yo.

Kon sa tou , Freire travay pou edikasyon an vin gen yon sans ki pi laj, lè li demontre kouman lekòl pa yon epas pou moun etidye sèlman, men, li se yon espas pou moun rankonttre, brase lide, aprann fonksyone ak lòt moun, fè deba ak poltiik (Gadotti, 2009), pou n pi kout, li se kote y ap fòme sitwayen ki pou viv nan sosyete demokratik yo. Li menm bay rekòmandasyon pou yo ankouraje aprenan yo devlope konsyans kòm sijè ki gen dwa e menm jan li dwe manifeste yon prezans kritik pa rapò ak monn kote l ap viv la (Freire, 1990:38). 

Nan lide pou Freire kore koze edikasyon pou demokrasi a, li pwpoze kèk kondisyon nesesè pou sa, tankou, fòk gen yon lekti kritik ki fèt sou reyalite a. E mete sou sa, pou li menm , fòk yo fè yon jan pou sijè a vin pi otonòm, pou li vin solidè (kolaborasyon), pou li pran desizyon, pou li patisipe, pou l gen yon sans reskonsablite sosyal ak reskonsablite politik epi pou li an mezi demontre sa l genyen kòm karakteristik espesyal pa rapò ak lòt la nan kèk kondisyon ki egzije sa (Araujo, 2011).

Josue de Souza (2010), fè yon bon rale sou kesyon pedagoji kritik Paolo Freire te travay  pou li antre nan fòmsyon yon kalte sitwayen-fanm kou gason- ki konnsyan de sa pouvwa chanjman an ye e ki mache ak kesyon k ap libere a, e ki pa menm ak yon repons tou fèt  pou bòne orizon ak chemen ki deja egziste yo e ki pa negosyab tout jan tout mannyè. Kesyon an libere jouk nan pi wo limit ki negosyab yo jouk tan nou rive konstwi pwòp chimen pa n ki mennen nan reyalizasyon koze sa a. Gras a pedagoji sa a, nou an mezi fè pratik dekonsttriksyon ak dekolonizasyon repons ki soti nan listwa, ki kache dèyè entansyon politik yo  e sa dwe fèt pou tout lòt repons ki pa twò enteresan e ki pa danse kole ak reyalite lavi moun andeyò yo. 

Sa ki lakoz dwat la kole etikèt lènmi sou Paolo Freire?

Nan kontèks kote tandans pouvwa gwoponyèt yo vin ap pran plis jarèt nan kontinan an,fòs konsèvatè yo, Gouvènman ak menm sosyete a pa sispann pran gwo mezi entèdiksyon ak mezi pèsekisyon kont lide edikatif ak pwopozisyon edikatif Freire yo, nan peyi Brezil,  epi yo plede pèsekite lekòl ak pwofesè-fanm kou gason- k ap fè pwomosyon pou panse li a. Ajisman fòs gwoponyèt yo ak ajisman antidemokratik yo pa net, ni yo pa san objektif politik, okontrè, Freire li menm te konsidere yo kòm yon siyal (1973), moun ki dèyè ajisman sa yo’’byen konnen sa y ap fè yo e byen konnen kote yo vle rive tou’’. Nan etid li a ki rele’’ yon Radyografi objektif la’’ Jessé de Souza (2016, 49),  fè konnen ’’ Nan fè blakawout sou orijin pwosesis sosyal yo, sa sèvi yon enterè politik politik k ap chèche maske rasin inegalite sosyal ak enjistis sosyal yo’’Se  jis pou anpeche nou dekouvri rasin  yo, kesyone tèt nou an granmoun (…).

Menm nan tan pa l la (1973, 37), Paolo Freire li menm esplike”” santiman perèz devan libète a ki abite lakay moun y ap toupizi yo (oprime yo),epi ki tipa tipa, vin ap pran pye lakay moun k ap toupizi yo (opresè yo) tou, men sa pa fèt menm jan tou de kote yo.

Kòm yon moun yo onore an 2021 kòm ‘’patwon edikasyon brezilyen ‘’an, sa gen tout enpòtans li kòm egzanp pansè sila yo ki te enspire mouvman’’endiyasyon etik ak dezobeyisans epistemolojik la’’ (José de Souza, 2010),nan non oprime yo kont sistèm kraze zo a, sistèm esplwatzasyon ak sistèm vyolans lan. Ideyoloji pedagojik li a reprezante yon modèl ki depaman nèt ak ajanda neyoliberal k ap franchi kò l anndan edikasyon latinowamreiken an nan dènye dis (10) lane sa yo e ki pa danse kole ak lespri  dwa tout moun nèt genyen pou yo jwenn edikasyon an ansanm ak rekonesans edikasyon piblik obligatwa gratis la (Torres, 2001).

Daniel Cara, pwofesè nan Fakilte Edikasyon Sawopawlo  ak dirijan Kanpay pou Defann Dwa Moun pou yo jwenn Edikasyon nan paeyi Brezil, esplike ekstrèm dwat pa t janm aksepte Freire paske filozofi li a pa t janm dakò ak koze andoktrinman an ak lespri patizan pouvwa gwoponyèt la ki te kaanpe an kwa kont fòm pedagoji pou otonomi an, pedagoji lespwa a, yon pedagoji ki te vrèman ap travay pou liberasyon. (DW/Brezil).

Menm nan tan pa l la (1973, 37), Paolo Freire li menm esplike”” santiman perèz devan libète a ki abite lakay moun y ap toupizi yo (oprime yo),epi ki tipa tipa,  vin ap pran pye lakay moun k ap toupizi yo (opresè yo) tou, men sa pa fèt menm jan tou de kote yo. Lakay moun yo toupizi yo (oprime yo) perèz devan libète a se perèz pou yo viv libète sa a. Lakay moun k ap toupizi yo (opresè yo) perèz devan libète a se pèdi libète/pouvwa pou yo kontinye fè abi. Nusbaum (2010, 46), deklare: edikatè ki pran pozisyon pou kwasans ekonomik lan gen laperèz devan imanite yo, li fè konnen’’lakilti ak devlopman konpreyansyon an vin tounen gwo menas danjere pou moral tikoulout la ki konn nesesè pou yo sèvi avè l pou yo kapab enplemante plan kwasans ekonomik la ki fè kòmsi koze inegalite a pa egziste ditou’’. Pou fini,  Puigròs (2021) souliyen kouman edikasyon piblik la ak pwofesè yo vin ap pèdi lejitimite yo, kòm youn nan zouti ki pi puisan pou kòporasyon ki enterese mete men sou mache edikasyon an. Sa se yon tantativ pou  bese valè pwofesè yo, pou fè yo pase kòm yon bann initil, kòm yon fado sou tèt Leta a, yon mannyè pou anpeche mèt yo vin tounen zouti k ap pwodui nouvo  konesans nan kad yon dyalòg san rete ak etidyan yo.

Pou n fini, n ap sèvi ak yon mesaj Moacir Gadotti, zanmi l ak kavalyepòlka l, te ekri pou li nan tan pa l la:

‘’ Kòm yon plantè k ap simaye grenn demen an, sila y ap toujou sonje a.
Pouki w kite rasin, zèl ak rèv sa yo, pou nou kòm eritaj. 
Sila k ap kreye lespri yo, e pi bon fason pou nou onore w, se reyenvante  w ak envante w ankò’’.


 

Biyografi dapre tit original ouvraj yo:

Araújo, Sonia (2011). Paulo Freire. En: Dussel, E.; Mendieta, E. y Bohórquez, C. (ed.) El pensamiento filosófico latinoamericano, del Caribe y “latino” [1300 – 2000]. Historia / corrientes/ temas / filósofos. México: siglo XXI editores.

Brandao, C. R. (1986). O que é Método Paulo Freire (11ª ed.). São Paulo: Brasiliense.

De Souza Silva, José. La pedagogía de la pregunta y el ‘día después del desarrollo’. Hacia la educación contextualizada para construir el buen vivir en el mundo rural latinoamericano. (Documento en progreso). Campina Grande, Paraíba; Nordeste de Brasil. Julio de 2010.

DW/Brasil. Noticias y análisis de Brasil y el mundo. “Por que a extrema direita elegeu Paulo Freire seu inimigo”. Edison Vega. 17.09.2021. 

Fals Borda, O. (1978). Por la praxis: el problema de cómo investigar la realidad para transformarla   Bogotá, Colombia. Federación para el análisis de la realidad colombiana (FUNDABCO).

Fiori, E. Aprender a decir su palabra. El método de alfabetización del profesor Paulo Freire. En: Freire, P. (1973) Pedagogía del Oprimido. (8ª ed.). México; siglo XXI editores

Freire Paulo. (1973). Pedagogía del Oprimido. (8ª. Ed). México: siglo XXI editores – Paz y Tierra.

Freire, Paulo (1979). Cartas a Guinea Bissau. Apuntes de una experiencia pedagógica en proceso. (2ª ed. En español). Mèxico: Siglo XXI editores.

Freire, Paulo (1984). A importância do ato de ler. Em tres artigos que se completam. Sao Paulo: Cortez editora.

Freire, Paulo (1990) La naturaleza política de la educación. Cultura, poder y liberación. Introducción de Henry Giroux.  Barcelona: Paidos – Ministerio de Educación y Ciencia 

Freire, Paulo. (1993). Política y Educación. Editor digital original Titivillus e Pub base rl-2. Traducción: Jorge Mellado. Libros en espapdf.com.

Freire, Paulo. (2003). El Grito Manso. Buenos Aires: Siglo XXI Editores Argentina S.A.

Freire, Paulo (2011). Pedagogia da autonomia: saberes necessários à prática educativa. Sao Paulo: Paz e Terra.

Gadotti, Moacir. (1996). “Paulo Freire. Uma biobibliografia. Sao Paulo: Cortez, Instituto Paulo Freire, UNESCO, Brasil.

Gadotti, Moacir. (2008). “Escola”. En: Streck, D. ; Redín, E; Zitkoski, J. (Orgs.). (2008). Diccionario. Paulo Freire. 2ª ed. en portugués, revisada y ampliada. Belo Horizonte: Auténtica Editora.

Mejía, Marco. (2012). Educaciones y Pedagogías críticas desde el Sur. Cartografías de la Educación Popular. La Paz: Estado Plurinacional de Bolivia. Viceministerio de Educación Alternativa y Especial. 

Nusbaum, Martha. (2010). Sin fines de lucro. Por qué la democracia necesita de las humanidades. Buenos Aires: Katz editores.

Puigrós, Adriana (2021). “Los conceptos de Freire no caben en slogans”. Entrevista realizada por Diego Rosemberg. En: revista Crisis, 22 de septiembre de 2021. Buenos Aires: UNIPE.

Torres, Carlos. (org.). (2001). Paulo Freire e a agenda da educação latino-americana no século XXI. Buenos Aires: CLACSO.

Kohan, Walter. (2020). Paulo Freire más que nunca: una biografía filosófica. Ciudad Autónoma de Buenos Aires : CLACSO.

Souza, Jessé. (2016) A Radiografia do Golpe. Entenda como e por que você foi enganado. Rio de Janeiro: LeYa. 

Streck, Danilo R.; Rendín, Euclides; Zitkoski, Jaime. (Orgs.). (2008). Diccionario. Paulo Freire. 2da edición en portugués, revisada y ampliada. Belo Horizonte: Auténtica Editora.

Vale, María y otros. (2005). Paulo Freire, educar para transformar: almanaque histórico. (Proyecto Memoria). São Paulo: Mercado Cultural.


Foto: UNICEF/UN0339412/Frank Dejongh

Kovid-19: Solidarite ak finansman Nòmal dwa moun pou yo jwenn edikasyon, sante, ak pwotekyson kòm mwayen ki pi enpòtan pou nou fè faskare devan kriz la

May 8, 2020

Devan kriz ak eta ijans yo tabli nan tout moun nan, akoz pandemi Kovid-19 la, CLADE rekonèt ak apresye tout konsiy Òganizasyon Mondyal pou Lasante a (OMS, an franse) pran pou yo fè prevansyon epi pou yo bay moun swen sante.

Nou  voye santiman solidarite nou bay tout fanmi ki pèdi pwòch yo akòz maladi a, tout moun ki chape anba maladi a ak tout moun sa touche. Kon sa tou, nou felisite tout inisyativ manm CLADE yo ap pote sou zepòl yo, menm jan ak tout lòt òganizasyon ak mouvman defans dwa moun nan tout Amerik Latin ak nan karayib la k ap voye je sou pwoteksyon divès kominote edikasyon yo ansanm ak tout dwa yo geyen kòm moun. Nou wete chapo ba devan tout ajan sante menm jan ak tout pwofesyonèl k ap travay nan branch aktivite esansyèl yo, pou travay endispansab y ap fè yo.

Nou apresye e nou gen anpil rekonesans pou kokennchen enpòtans lyen solidarite, lyen koperasyon ak travay swen nan tètansanm yo genyen nan peryòd sa a . Nan sans sa a, nou mande pou anpil efò mobilizasyon ak efò koperasyon k ap fèt nan mitan sosyete sivil la, ant gouvènman, ant enstrikti sipranasyonal yo vin pi djanm, nan favorize pataj konesans, esperyans ak leson yo aprann, yon mannyè pou yo kore batay k ap fèt kont pandemi an ansanm ak konsekans li yo. E pi espesyalman, nou mande pou yo mete tout kantite resous finansye nesesè disponib pou yo bay lavi moun priyorite, an patikilye nan sa ki konsène sante piblik, men tou, nan branch edikasyon ak pwoteksyon sosyal la, pami tout ansanm dwa sosyal ak dwa ekonomik moun nan popilasyon an genyen. Sa ap mande pou yo kore politik sosyal yo, èd finasye ak asistans medikal la, nan bay moun ki nan sitiyasyon vilnerabilite ekonomik, kriz sa a plis touche yo yon èd nòmal, kit se moun ki plis viktim akoz sèks yo oubyen sitiyasyon travay yo, pwofil yo, kit se akoz yon domaj, kit se akoz yo gen anpil laj oubyen y ap viv nan zòn ki pi rekile , kit y ap viv nan zòn konfli oubyen yo ta twouve yo nan kondisyon kote y ap sibi diskriminasyon ak prejije sosyal.

Jan OMS, espesyalis ak pwofesyonèl lasante yo montre l la, moman an egzije mezi distans ant moun ak moun nan relasyon toulejou yo ak mezi lijyèn yo kòm dispozisyon pou nou anpeche pandemi an layite kò l pi plis. Pou rezon sa a, nou sispansyon kou fasfas yo ak kanpe lekòl kòm mezi prevansyon ak mezi pwoteksyon pou tout moun nan popilasyon an, nan mete lavi devan anvan tout lòt bagay. Poutèt sa, nou mande tout gouvènman pou yo pran tout mezi nesesè pou yo kontinye garanti respè dwa moun pou yo jwenn edikasyon san rete. N ap souliye nesesite pou elèv lekòl, espesyalman sa ki soti nan fanmi ki pa gen gwo mwayen, jwenn kantin eskolè pou yo ka manje bon kalite manje chak jou.

Nan yon sitiyasyon sa a,n ap fè tout moun sonje gen anpil tigason, tifi ak adolesan ki soti nan fanmi ki pa gen gwo mwayen, oubyen k ap viv nan zòn andeyò, ki pa gen posiblite jwenn ekipman ki ka pèmèt resevwa yon ansèyman adistans, n ap pale de fasilite tankou: òdinatè ak entènèt.

Pouvwa piblik yo dwe pran tout dispozisyon nesesè, yon bò, pou yo anpeche plis inegalite edikatif ak inegalite sosyal epi an menm tan yo dwe adopte lòt mezi pou yo konble tout mank ki genyen yo,tankou nan reyalize yon seri askyon pozitif ak yon ansanm pwogram pou moun rantre lajan ann ijans, sitou pou moun andikape, moun ki vin ap rantre pi piti lajan, moun ki nan sitiyasyon sosyal difisil ak moun ki nan chomaj, epi yo dwe kanpe sou frè lajan yo te konn pran nan men yo pou yo jwenn sèvis debaz, tankou : dlo, elektrisite, gaz, telefòn ak entènèt.

Moman kriz tankou nan sa n ye la a, vin plis egzije pou nou kore Leta nou yo kòm pi bon garanti pwoteksyon dwa moun epi pou yo kreye yon ansanm mezi ak politik piblik sou baz kontribisyon tout sektè, pandan nou rekonèt dwa moun yo ap pi fasil jwenn pwoteksyon lè gen aksyon nan tètansanm k ap fèt nan sans sa a.

Pou rezon sa a, n ap mande Leta peyi nan rejyon an pou yo aji ak tout volonte politik ak santiman ijans moman an egzije a nan fè pwomosyon pou politik ak aksyon ki mache men nan men ak konsiy OMS, kominote syantifik ak òganis pou defans dwa moun yo ap bay. Fwa sa a se pou solidarite ak espwa pran yon lòt nivo, se pou gen yon koperasyon ak yon aksyon nan tèt ansanm, kon sa tou, se pou n gen lòt fòm viv ansanm, k ap toujou rete tennfas menm apre pandemi an.